Mercredi 29 Septembre 2010
Nòt Pou Laprès

Apre 86, peyi a antre nan demonkrasi, sa vle di, pou yon moun pran pouvwa a li dwe pase nan eleksyon. Chak fwa pèp la pran lari pou al vote, konsekans yo se sou li li tounen ankò, lèse pa koudeta, se kontestasyon, kraze zo elatriye. Si nou sonje eleksyon ki pase yo.
 
Tankou :
-          Lane 1988, lane 1990, ak lane 2001,
Jis nou rive nan eleksyon 2005 yo ki mete nou kote nou ye jodia.
 
12 janvye ki sot pase la a, peyi a sibi yon katastròf pèsonn pat atann, plis pase 200.000 moun pèdi lavi yo, plizyè santèn lòt lage nan tout rakwen, debra balanse anba yon bout pwela oubyen yon vye moso twal.
Pèp la rive nan yon kafou, li pa konn kisa pou l fè ankò .
Jounen jodia, tout moun ap pale de ‘’Eleksyon’’. Nou dakò eleksyon se sel mwayen pou chanje anpil bagay nan yon peyi, lè nou fè bon chwa nou jwenn bon rezilta.
 
-          Men èske pèp la konnen poukisa lap vote.
-          Eske yo konnen kijan pou yo vote.
-          Eske yo konnen enpòtans eleksyon genyen nan yon peyi.
 
Se sa ki fè (RECID) Rezo Edikasyon Sivik Pou Devlopman kap travay nan fè fòmasyon depi lane 2005 nan lekòl prive kou Piblik, nan inivèsite ak pati politik yo, ap lanse ofisyèlman (MOJEP) Mouvman Jèn Pou Eleksyon Pwòp, Pou nou di:
 
-          Pa gen eleksyon san edikasyon sivik.
-          Pa gen enfòmasyon san laprès.
-          Pa gen eleksyon san patisipasyon pèp la.
-          Pa gen transparans san obsèvasyon.
 
Se poutèt sa, nap mande KEP a, pati politik yo, sosyete sivil la, ak tout lòt moun kap travay nan domèn eleksyon nan peyi a, mete ak RECID pou (MOJEP) Mouvman Jèn Pou Eleksyon Pwòp, jwenn plis fòs, pou sa ki konn pase nan eleksyon avan yo, pa pase nan eleksyon sa.
 
-          Fòk edikasyon sivik pèp la fèt.
-          Fòk nou bay bon jan enfòmasyon.
-          Fòk pèp la byen vote.
-          Fòk tou, nou siveye kout dwet, Pou vot pèp la pase.
   
 Paske RECID di :
‘’ Nou Jèn, nou la, nou vle, nou di l’, nou kapab, e n’ap fè l ’’.
 
 
Augustin Olex
Direktè kominikasyon (RECID)






























 
Aujourd'hui sont déjà 1 visiteurs (2 hits) Ici!
Ce site web a été créé gratuitement avec Ma-page.fr. Tu veux aussi ton propre site web ?
S'inscrire gratuitement